- 歌词
- 专辑列表
Alan Cave
-
Malere
Gade kijan n'pran nan jwèt meli-melo N'konprann se gwonèg ka va mennen n' pi wo Pouki rezon n'ap pran pòz awoyo Yon ti moso lavi pou n' bay timoun yo
Jodia li lè li tan pou n' sispan manje month Montre lòt pep yo n' gen kichoy nan sèvo Denounse zenglendo, denonse kraze zo An nou youn sispann bay lòt kout kouto nan do
Malere O! Gad jan nou malere N'ap mache bwete poutan janm nou pa kase Malere O! Gad jan nou malere Bon voulwa ka fè nou soti nan dezawa Yon ti rega a goch, yon ti rega a dwat
Gad kijan nou nan traka Gad kijan nou nan traka
Nou tout nou malere Nou pran poz nou pa wè O Nou tout nou malere
Nou tout nou malere Nou refize tande O
Nou tout nou malere Nou pran poz nou pa wè O Nou tout nou malere
更多更详尽歌词 在 ※ Mojim.com 魔镜歌词网 Gad kijan nou nan traka Gad kijan nou nan traka
An n'ale, an n' anvanse, fòk sa chanje Kisa n'ap fe pou sa chanje An n'ale...An n'ale tande An n'avanse...Avanse, mache Fòk sa chanje...Fòk sa chanje An n'ale...An n'ale An n'avanse...An n'avanse Fòk sa chanje...Fòk sa chanje
An ye o, an n'fe yon jan pou n'lage peyi a Pou kapwa Lamò pa mouri anven An n' wete kò nou nan sen denden An ye o, an n'fe yon jan pou n' lage peyi a Lage lage lage, peyi a souple An ye o, n' fe yon jan pou n' lage peyi a Lage'l lage'l kite'l mache
An n'ale...An n'ale An n'avanse...Avanse Fòk sa chanje...an n' fe'l mache vye frè An n fe'l bouje An n'ale...An n'ale An n'avanse...Avanse Fòk sa chanje...Fè'l bouje
-
|